
GEORGES CASIMIR
Georges Casimir = GIO
Moncoeur Alexandre Bradley = MAB
Mwen rankontre GIO sa gen plis pase 11 an, nou te nan 2 lekòl ki gen yon long istwa rivalite younn kont lòt. Nou pat ni konprann ni vle aksepte ke yon seri de ansyen dyèl mete nou younn an fas lòt; plus encore tout koze sa pat ap gen okenn sans si yo mete nou deyò nan lekòl sa yo… Strange… But nou chwazi vin zanmi e aprann konnen younn lòt pou tout bon, plis tan pase plis nou te gen rezon pou younn konte sou lòt. Apre plis ke yon deseni nou pa bezwen anyen ankò pou kenbe nou zanmi. Se premye fotograf ki fè tout yon seyans foto avè m, m pa menm kwè si se pat premye seyans pal tou…(crazy).
Gio se yon moun ki toujou kanpe pou ankouraje m nan pwojè pwofesyonèl mwen e mwen nan pal, se vre ke au fil des années nou vin gen rapport ki de plus en plus professionnel paske nap granmoun e se plis sa ki enpòtan pou nou e pou nou pataje but li enpòtan ke yon moun ka ankouraje w nan sak enpòtan pou ou. Mwen pa chat twò souvan ak fotograf pwofesyonèl sa ankò, men yon chat ke m te anvi pataje avèk nou!
MAB : Ki dènye liv ou li?
GIO: Le cahier sacré du vodouisant
MAB : Ki sitasyon prefere w ?
GIO: “But still, like dust, I’ll rise. “Maya Angelou
MAB : Ki tit mizik ou tande plis jou sa yo e poukisa ?
GIO : Mwen tande anpil mizik wi,men jodia mizik mwen tande plis se : Parachute( Cheryl Cole). Mizik sa raple m bon souvni, li raple m ensousyans.
MAB : Ki konsèy ou ka bay yon moun « face à l’adversité » ?

GIO : Aksepte ke w paka kontwole tout bagay epi gade ki leson sa wap viv la vin aprann ou. Anpil fwa se Linivè kap ban nou opòtonite repare sa nou fè.
MAB : Kisa feminis vle di pou ou ?
GIO : Feminis pou mwen se yon rapèl ke nou tout ak nou chak merite plas nou anba syèl ble a. Feminis poukisa? Paske fanm ak tifi pa ta dwe gen pou al rale zòrèy Lasosyete pou nou konnen yo gen dwa a menm opòtinite yo.
MAB : Si w te gen 70 milyon dola kisa sa tap chanje nan vi w selon ou ?
GIO : Sa tap ban m plis jarèt pou m kontinye reyalize rèv mwen yo.
MAB : Ki pi gwo regrè ou ?
GIO: Mwen te pran twòp tan poum aprann renmem moun mwen ye a!
MAB : Ki pi gwo rèv ou ?
GIO : Kreye yon espas kote moun ki gen pwoblèm depresyon ap ka vini pou jwenn bon jan swen ak sipò !
MAB : Ki plezantri ou pa renmen yo fè avèw ?
GIO: Plezantri sou gwosè ak sou sante mantal.
MAB : Ki tip elèv ou te ye lekòl ?
GIO: Mwen te elèv ki te nan tout sòs la pratikman tout lekòl la te konnen mwen epi mwen te renmen pale nan klas.Yo te toujou ap kouri dèyèm pou sa.
MAB : Ki pi bon ak pi move eksperyans ou te fè lekòl ?
GIO : Mwen gen anpil bon souvni lekòl wi men sak te pi make m plis lan se premye fwa mwen sot pran kanè epi manman m te chaje emosyon nan vwa li lè lap rakonte papa m ke se mwen ki te nan tèt palmarès la.Yon pinisyon mwen te pran alòske mwen pat nan koze moun.
MAB : Ki selebrite an Ayiti ou tap renmen an karatèn ak li e poukisa ?
GIO : Gardy Girault pou Mizik la, Bibi ak Emmy pou leson lavi yo ; Ryva ak Carolyn Desert pou spirityalite yo !
MAB : Ki 5 premye desizyon ou tap pran siw ta vin prezidan peyi a ?
GIO: Chanje priyorite sistèm nan
1. Ranfòse sistèm sante a (rann li pi aksesib, jere koze lajan doktè, enfimyè ak lòt ajan ki nan sistèm nan)
2. Edikasyon nan tout nivo (elimine lekòl bòlèt, inivèsite bòlèt, kreye bon jan laboratwa rechèch, bibliyotèk, ankouraje lekòl pwofesyonèl yo)
3. Dwa moun
4. Ensalibrite
5. Agrikilti
