BIBI NET AL KOLE CHAT WITH BRADLEY

Bibi Net Al Kole : BNAK
Moncoeur Alexandre Bradley : MAB

Ou konn wè pil pseudo selebrite ki konprann ke yo se yon referans pase tout moun nan tout bagay, ou moun ki itilize vizibilite yo pou yo awogan ou inbuvable ou menm egosantrik, ou konn wè moun sa yo ki depi w nan antouraj yo yo baw yon gwo dòz enèji negatif, moun sa yo ki anbarase w fasil, ki pa baw anvi rete kote yo… ou konn moun sa yo?

M soooo sorry pou ou, paske mwen m konn BIBI NET AL KOLE, rasure w, denominasyon sa pa ase cool pou moun li ye a, li se opoze tout sa mwen sot di w sou yon seri de mou. Mwen rankontre l gras a rezo sosyal yo, jou sa mwen ak kèk lòt moun nan ekip mwen an te rankontre l li ba nou yon katafal enèji pozitif. Nou rankontre avè l nan plizye okazyon, kalm ak jantiyès li se premye bagay ki riske atire atansyon w, senplisitel se yon bagay ki rann li plis extraordinaire. Yon moun avèk tanperaman Bibi se saw bezwen sitou nan peryòd konfinman sa.

BIBI NET AL KOLE

Pou mwen kontinye koze Chat with Bradley sa, m pat wè yon moun ki te pi byen plase ke sa, m espere ke nou ENJOY sa nou pral li yo.

– MAB : Ki dènye liv ou li?
– BNAK : The power of your influence—Stan Toler
– MAB : Ki sitasyon prefere w ?
– BNAK : Mwen plen, men youn mwen renmen anpil. “Imajinasyon pi enpòtan pase konesans”—Albert Einstein.
– MAB : Ki tit mizik ou tande plis jou sa yo e poukisa ?
– BNAK : Plizyè men resaman mwen te tande 2 anpil. Premye a se #stoletheshow. Se yon mizik Kygo ki sòti an 2015 m vin tonbe sou vidéo a nan kòmansman ane a, li fè m redamou mizik la ankò. 2yèm nan se #pezekafe yon mizik #raratech Gardy Girault fè an kolabo ak Coralie Herard ki chante sou li. Vèsyon m fou pou li a se yon remix Ga3tan, yon jèn DJ/producer ki gen anpil talan lakay li.
– MAB : Ki konsèy ou ka bay yon moun « face à l’adversité » ?
– BNAK : Kenbe la. Jou aprè jou kontinye chwazi mete yon pye devan lòt la. Kwè nan chanjman w ap chèche a, vizyalize l epi kwè li posib. Fè sak nan posibilite w pou avanse sou li. Menm si sa w fè a parèt piti, se piti piti zwazo rive fè nich li. Varyab yo anpil e nou tout diferan, sa n gen an komen se nou tout ap viv yon eksperyans inik nan chak grenn pè soulye pa n. Se nan konprann sa, reflèks konpasyon nou ta dwe sòti.
– MAB : Kisa feminis vle di pou ou ?
– BNAK : Feminis Se yon moun (Yon gason ka feminis) ki rete kwè gason ak fanm egal ego nan privilèj ak dwa yo genyen devan lalwa. Yon feminis se yon moun ki kwè nan egalite 2janr yo e ki konprann ke nan yon peyi tankou Ayiti gen travay ki pou fèt toujou pou dwa fanm respekte.
– MAB : Si w te gen 70 milyon dola kisa sa tap chanje nan vi w selon ou ?
– BNAK : Li t ap senpleman banm yon fleksibilite nan finans mwen, li t ap pèmet mwen pi rilaks pou m travay sou plizyè rèv mwen genyen, an menm tan. Epi bon m t ap tonbe pwonmennen sou tout latè a.
– MAB : Ki pi gwo regrè ou ?
– BNAK : Petèt tan ki pase sou yon seri de bagay m te vle reyalize men rete sou sa pa twò pwodiktif. M eseye pa fè sa antouka. pa klase bagay yo kòm regrè, klase yo kòm leson pito.
– MAB : Ki pi gwo rèv ou ?


– BNAK : Pou m kontribye nan yon fason pozitif li te mèt tou pitit, nan avansman sosyete nou an men sitou nan enfliyans m ka genyen sou jan yon moun alafwa, santi l parapò a li menm, ak sou kwayans li dwè genyen nan yon avni pozitif pou Ayiti, e jan l gen plas li ak tout wòl li pou l jwe ladann. M vle enspire pozitivite isi a, kay otan moun mwen kapab. Ayiti bezwen sa anpil.
– MAB : Ki plezantri ou pa renmen yo fè avèw ?
– BNAK : Nenpòt jwèt yon moun ap fè ak entansyon pou l fè yon lòt mal, m pa ladann. Men bon, kalite moun sa ou pa ret sou li. Epi fini.
– MAB : Ki tip elèv ou te ye lekòl ?
– BNAK : M pa t bay twòp pwoblèm, m te fò lekòl. M pat janm twò entèrese pou m fè pi gwo nòt nan klas la, men m toujou renmen aprann e m te byen pase. Nan adolesans mwen m vin fè rebèl lol. Blag yo long… se pou yon lòt fwa. Ap gen Griyendan ladann.
– MAB : Ki pi bon ak pi move eksperyans ou te fè lekòl ?
– BNAK : Wow… sa yo mande twòp refleksyon. Te gen bon tè gen move! Se le pase, Nèks! Lol
– MAB : Ki selebrite an Ayiti ou tap renmen an karatèn ak li e poukisa ?
– BNAK : TiJo, Emmanuelle Georges, Rachilde Joseph ak Chef David Destinoble: bon blag, bèl konvèsasyon ak bon manje.
– MAB : Ki 5 premye desizyon ou tap pran siw ta vin prezidan peyi a ?
– BNAK : M pap pran pòz konnen nan ka Ayiti ki 5 premye desizyon pou yon moun ta pran. Sepandan m rete kwè pou Ayiti, vizyon se yon bagay pou n ap chèche nan yon lidè. Vizyon pou l fè dè desizyon klè ki pou bay tout moun yon santiman stabilite pandan n ap travay pou n rive nan yon faz devlòpman dirab. Kounya 5 bagay m panse ki t ap siyale yon vrè chanjman.


a. Digitalize sistèm ledikasyon an. Rann sa posib pou kenpòt timoun ki gen aksè à yon koneksyon entènet gen aksè gratis à yon pwogram Ledikasyon solid. Mete Sant Kote yo k al pase ekzamen leta pou yo jwenn sètifika pou chak etap. Lekòl nou genyen deja yo ava tounen santdapui a pwogram nan pou yo akonpaye sa ki bezwen l yo. Mete yon pwogram konparab pou adilt yo tou.
b. Fè yon vrè resansman. Sa enfòme tèlman nan desizyon Nou gen pou n pran pou yon nasyon.
c. Dinamize sektè agrilkilti a ak yon plan detaye ki pèmet nou fè pwojeksyon nan misyon n pou nou vin mwens depandan sou enpòtasyon. Si monn nan lòk ankò fò k nou ka konnen gen kèk bagay nou ka jere poukont nou.
d. Pran desizyon drastik sou jesyon anviwònman nou. Bani plastik, kanpe dèyè l an granmoun. Kreye yon plan sou kantite lane nesesè pou n mete Ayiti sou wout pou l vin yon peyi tankou Kostarica, ki pa polye, ki okontrè ta sèvi kòm ekzanp pou tout monn nan, nan jan nou konsève lanati.
e. Rekòmanse rakonte Ayisyen listwa nou atravè yon plan kominikasyon alontèm. Raple n moun nou ye, sa listwa reprezante pou limanite, pa nan lespri ògèy men pito nan lespri bon jan fyète. Yon fyète ki saj e ki enb. Fè rechèch. Pase men nan liv lekòl yo. Amelyore akademizasyon Kreyòl la. Fè kreyòl, fransè, panyòl ak anglè 4 lang obligatwa sou teritwa a.
f. Bay bon nouvèl!! Fòse chèche bagay pozitif pou rakonte nan nouvèl yo chak jou akote tout lòt reyalite yo. M pa kwè nou reyalize jan nou rete fokis sou move nouvèl yo. Bay bon nouvèl plis enpòtans.

Mezanmi e domèn lasante a menm?! Anfen, tèlmannn gen bagay pou n fè!! Sa se te 6 premye bagay ki te pase nan tèt mwen yo.

BY MONCOEUR Alexandre Bradley

Laisser un commentaire

Entrer les renseignements ci-dessous ou cliquer sur une icône pour ouvrir une session :

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s