SAMEDI SITWAYEN : Okap Mete Men pou Pwòpte ak Anbelisman Vil la

Samdi 25 Oktòb 2025 make dezyèm edisyon inisyativ “Samdi Sitwayen” an, yon mouvman volontè sitwayen ki lanse pa Administrasyon Minisipal vil Okap. Apre siksè premye edisyon an mwa pase a, kominote a te reponn an fòs ankò pou mete men ansanm sou tèm “Ansanm pou pwoteje anviwònman nou.”

Depi 7è nan maten, plizyè sektè nan vil la te mobilize: lekòl, legliz, inivèsite, antrepriz, enstitisyon prive ak piblik, ansanm ak òganizasyon jèn yo te lan lari a pou netwaye, pentire, retire machin kraze, plante flè, epi mete lavi nan espas piblik yo. Inisyativ sa a fèt chak dènye samdi nan mwa a, e li vin tounen yon gwo randevou angajman sitwayen pou bay vil la Yon nouvo vizaj.

Pou okazyon sa a, Meri Okap te lanse apèl bay tout moun ki gen machin, garaj oswa kakas machin ki neglije sou wout vil la pou yo retire yo. Se te yon jounen netwayaj, men tou refleksyon sou enpòtans patisipasyon chak sitwayen nan devlopman kominote yo.

Administrasyon minisipal la kontinye ankouraje tout aktè nan sosyete a pou yo angaje tèt yo plis nan mouvman sa ki vize fè Okap tounen yon vil pwòp, fyè de eritaj li. Li salye kolaborasyon plizyè enstitisyon leta tankou SNGRS, MTPTC, Ministè Anviwònman ak Ministè Agrikilti.

“Samdi Sitwayen” pa sèlman yon jounen netwayaj. Se yon mouvman solidarite, yon lespwa pou yon Okap miyò. Moun yo lanse apèl pou plis patisipasyon pou pwochen edisyon yo, paske pwòpte jodi a se lavi demen.

sakapfetokap #ayiti #okap #haiti #people

Laisser un commentaire