ENSTALASYON LANPADÈ NAN VIL OKAP

Enstalasyon lanpadè nan Lèt L vil Okap

Okap Project Yon regwoupman moun Okap ak zanmi nan djaspora deside mete ansanm pou enstale lanpadè nan diferan zòn nan vil Okap.

Pwojè nan ap reyalize nan lide pou ede klere plis zòn nan vil epi konbat ensekirite ki mache ak fènwa anndan vil yo !

Responsab yo kòmanse mete lanpadè nan zòn Laboul, zòn ri 2L-18L. Yo ap mete divès lòt nan zòn boulva, nan lèt A, chak fwa yo fini Yon katye yo ap pase a Yon lòt Yon fason pou tout vil la klere le swa.

Okap Project envite tout moun ki enterese pote men, rejwenn yo nan aktivite sa epi ede rive pi lwen paske Okap bezwen nou tout !

Nou ap mande popilasyon pou li trè veyatif nan kote yo mete lanpadè yo, pou yo voye je sou yo paske gen diferan endividi ki ta va pran plezi nan vole lanpadè yo.

Laisser un commentaire