Jedi 2 Me 2024, anviwon 5 Kay efondre Labori, yon lokalite ki sitiye li dèyè ponp Gaz National Baryè Boutèy La ! Katastwòf sa rive nan mitan lanwit e ensidan sa Fè 10 viktim Pou sa ke otorite
lokal yo rive idantifye ! Apre lapli ki te tonbe sou vil la Depi yè apremidi jouk rive lanwit!

Gwo deboulonnay tè lakoz efondreman plizyè ak moun Ki tap dòmi ladan yo, nan espas 2è di maten! Popilasyon a nan tèt kole ak otorite lokal yo : La Meri, Delegasyon Depatmantal, La Polis, Ponpye, Pwoteksyon Sivil ap mennen fouy Pou rejwenn kadav viktim yo ak potansyèl sivivan si genyen!

Dènye bilan ki te rive jwenn nou gen anviwon 4 kadav ke yo te reyisi jwenn pamiyo genyen yon tifi ki te gen 10 lane sèlman ! Otorite yo deside aji apati jodi an menm pou anpeche nouvo senaryo sa repwodui nan vil la ! Se sak Fè yo gentan bay avi ke yo pral kraze tout kay ki mal konstwi nan zòn sa ! Yon fason pou pwoteje popilasyon menm si ka gen move kritik ki tonbe sou do yo !

Yon fanmi antye pèdi lavi yo nan dram sa ! Nou voye senpati bay fanmi ak zanmi viktim yo pandan nou ap konseye moun yo pa rete nan zòn a risk to sitou nan sezon siklòn nou ye la.










