
Entre Nous Barber Shop, louvri pòt li nan vil Okap, dimanch 7 avril 2024 la. Nouvo entrepriz sa ki twouvel nan Odikap se inisyativ yon ekip jèn gason ki pa vle lage peyi a e deside mete tèt yo ansanm pou kontinye envesti nan kominote yo.

Nou toujou kontan jwenn jèn ki ap louvri biznis, lanse diferan kalite inisyativ nan peyi a, espesyalman nan Okap; paske sa vle di gen lespwa pou Ayiti, sa vle di gen moun ki pako dekouraje.

Nou envite w al pran sèvis lakay yo depi jodi a menm, cheve pou gason epi zong pou fanm kou gason.

