INOGIRASYON NOUVO KALVÈ NAN PAWAS SENT TERÈZ OKAP

Samdi premye jiyè 2023, pawas Sent TERÈZ louvri pòt li Ak yon kalvè Tou nèf ! Apre konsta tout kominote katolik la Ak tout pèleren yo, tout moun te Dakò Pou di ke Lalvè a pèsòn frechè li e ke li bezwen renove !

Se nan lide sa ke Fanmi Pitit Manman Mari te pran responsabilite Pou renove espas la, Pou fè li pi bèl, pi gran, pi gwo ! Se konsa apre 2 mwa chantye, yo rive fini konstriksyon nouvo Kalvè nan Pawas Sent TERÈZ.

Yo pwofite okazyon Sa Pou Fè yon ti chapèlera Ki dedye a manman Mari, yon gwo travay ke tout kominote a apresye.

Nou ap envite w reviv inogirasyon Sa Ak imaj nou yo !

sakapfetokap #okap #haiti #fanmipititmanmanmari #cross #christ #catholic

Laisser un commentaire