LANSMAN KANPAY ADMINISTRASYON MASIF MEDIKAMAN KONT FILARYOZ NAN NÒ

Jedi 11 me 2023, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) nan tèt kole ak patnè li yo nan kad Pwogram Nasyonal pou Eliminasyon Malarya ak Filaryoz, lanse ofisyèlman kanpay 2023 pou Administrasyon Masif Medikaman kont Filaryoz nan 5 komin nan depatman Nò a. Lansman sa te reyalize nan Retrouvailles Hotel ki table kò l nan mitan Vil Okap.

“CHAK MOUN YON DÒZ, ANN KONTINYE KWAPE MALADI FILARYOZ” se tèm kanpay sansibilizasyon epi distribisyon medikaman sa. Otorite yo gen pou objektif sansibilize disi mwa jen 400 000 mil nan 5 komin ki gen gwo kantite malad ladan yo, selon deklarasyon doktè Robert JASMIN, ki se direktè depatmantal Nò MSPP. Komin ki konséne yo se : Katye Moren, Plèn di Nò, Milo, Lakil ak Okap.

Doktè JASMIN te kontinye pou l di ke demach say o rantre nan kad aktivite mobilizasyon sosyal ki te lanse depi 22 mas ki pwolonje pou 2 jen 2023. Yo pral pase 10 jou nan chak komin yo pou kontinye ak travay la; paske sou 140 komin an Ayiti genyen 18 ki genyen malady filaryoz la toujou; nan yo genyen 10 nan Lwès, 6 nan Nò, 1 nan Latibonit epi yonn nan Nòdwès.

Soti 11 pour rive 20 me 2023 yo ap Lakil, Milo, Katye Moren ak Plèn Di Nò, apre sa soti 24 me pou rive 2 jen yo ap nan komin Okap. Nou envite w gade nan ki peryòd yo ap pre lakay ou pou w kapab pran medikaman yo !

Nou ap raple ke malady Filaryoz an Ayiti depi lane 1999 kidonk sa fè plis ke 20 lane depi MSPP ak patnè li yo ap travay san kanpe pou eradike maladi sa nan kominote a. Yo rive mete l deyò nan 122 komin deja e ane sa yo ap travay pou fini ak sa ki rete yo ki se objektif 0 filaryoz an Ayiti disi lane 2030.

Laisser un commentaire

Entrer les renseignements ci-dessous ou cliquer sur une icône pour ouvrir une session :

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s