
Apre 68 lane depi li fonde, KALVÈ Sent TERÈZ vin yon pawas nan dat ki te 23 janvye 2022 a. Pou premye fwa nan egzistans li, kominote a te gen pou selebre yon gwo evènman konsa!

Yon mès solanèl, ak divès lòt kalite aktivite te òganize pou make moman sila nan lavi tout kominote a. Divès pèsonalite ak notab zòn nan te prezan pou gran moman selebrasyon sa; malgre lapli ak tansyon peyi a anpil moun te fé deplasman an pou Sent TERÈZ.

Guensly Prophète se nouvo pè ki Ap gen responsabilite pawas sila a. Nou Ap pataje ak ou kèk imaj nou tire nan selebrasyon yo !

sakapfetokap #okap #calvaire #saintetherese #haiti #caphaitien #ayiti





























