NETWAYAJ VIL OKAP NAN KAD PWOJÈ REYENTEGRASYON KOMINOTÈ MIGRAN ETAZINI TE RAPATRIYE YO

Lendi 5 sektanm 2022 a, travay netwayaj litoral Okap la (zòn lòt bò pon, Konasa) te lanse, jan sa te prevwa nan kad yon kokennchenn pwojè sou reyentegrasyon migran ke Etazini te retounen an Ayiti, nan mwa pase yo. Majorite nan moun sa yo te Texas anvan yo te rapatriye yo isit an Ayiti.

Pwojè sa, ki lanse depi 5 sektanm 2022 ak premye seyans netwayaj litoral la nan zòn lòt bò pon, Konasa ap kontinye jouk desanm. Youn nan objektif fondamantal li se ranfòse enfrastriksti komin nan, nan ede jere kesyon fatra a pa egzanp. Genyen divès konpozant ladanl tankou enfrastrikti kominotè, kanpay sansibilizasyon sou migrasyon, fòmasyon pwofesyonèl ak mwayen altènatif pou moun siviv pi byen.

Plis pase 100 migran ki te rapatriye se premye moun ki ap benefisye pwojè sa, ki gen pou misyon :

  1. Amelyore aksè epi founi divès sèvis esansyèl tankou sante, edikasyon, dlo ak asenisman.
  2. Remanbre epi ranfòse enfrastrikti kominotè bazik yo, sa enplike mache lokal yo tou
  3. Soutyen pou ede ranfòse kapasite nou pou genyen bon jan gouvènans lokal
  4. Rebay ekonomi an jarèt sitou nan kreye travay nan yon ti kal tan, nan devlopman pi bon mwayen pou sibzistans popilasyon an epi amelyorasyon mache lokal yo
  5. Amelyorasyon sou aksè a bon jan enfòmasyon sou migrasyon ki dwe fèt  nan bon kondisyon.

Yonn nan premye aktivite ki lye a pwojè sa epi ki deja ap egzekite se ‘’cash for work’’ an kreyòl nou ka di se lajan pou travay. Nan sans sa, pou ranfòse sèvis Vwari Meri Okap la, yo kreye yon sistèm ranmasaj fatra nan vil la sou 12 semèn, epi yo komanse ak litoral la. Men se tout vil la ki ap netwaye, chak jou ak semèn yo ap nan yon pati diferan nan vil la pou netwaye. Jodi a yo zòn konasa, men semèn ki ap vini, apati 12 sektanm yo ap fè Lèt L la, Ti Ginen pou rive Channmas. Apre sa, dimanche 18 sektanm, se pou sant vil la, Karenaj, epi yo ap rive Lafòsèt answit nan chak site yo a mezi ke yo ap avanse nan travay la.

Pou travay sa fèt nan bon jan kondisyon pou tout moun, gen yon pati nan benefisyè yo ki se migran men lòt pati a se moun ki nan kominote yo ap netwaye a ;  ki li menm tou bezwen travay pandan li ap kontribiye pou mete pwòpte nan zòn lakay li. Youn nan pi gwo pwen nan pwojè sa, se sa ki gen pou wè ak renovasyon mache Klini ki chita nan mitan vil Okap, nan ri 9, ki ap gen pou netwaye e restore nan yon tan ki pa long. Nan moman kote jesyon fatra rete yon kriz pou kominote a, pwojè sila ka sèvi palyatif pou jere fatra nan vil la e bay popilasyon yon souf an antandan, yon solisyon pèmanan ka etabli pou regle pwoblèm nan definitivman. Menmsi sa raple nou tou, gen pwojè PROPUBLIC SAM nan ki ta dwe louvri yon sit trètman dechè Limonad  (Mouchinèt) pou sèvi Okap, Katye Moren ak Limonad ; pa gen pou moman an la okenn enfòmasyon piblik sou pwogesyon dosye sa.

Se vre tou, sa ap pran plizyè lane pou reyalize yon konstriksyon nan dimansyon sa, men an atandan nou rive la, tio pwojè sa yo ta dwe pèmèt kenbe vil la pwòp e pèmèt lavi kontinye fleri nan kominote a, menmsi bagay yo difisil. Nou vrèman espere pwojè sa ap rive nan bout li san pwoblèm, pou tout moun ka rele yon souf.

#sakapfetokap #okap #mairiecaphaitien #people #nettoyage #villepropre #love #joy #sanitation #ayiti #haiti

Laisser un commentaire

Entrer les renseignements ci-dessous ou cliquer sur une icône pour ouvrir une session :

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s