
10e edisyon konkou MISS HAITI a fèt OKAP ane sa, ann fè yon ti rale sou sa!
Se vre ke anpil aktivite ki te konn fèt Potoprens vin pran refij yo Okap pou yo ka kontinye egziste, rale moun dèyè yo, ou menm pou pèmèt plis sponsò ka sonje yo la paske OKAP se ‘’vibe moman’’!
M pa kwè pèsòn te etone wè konkou bote sa ajoute tèt li nan lis la.

Pandan tan konkou a, ou vrèman gen enpresyon kew pat ka soti al okenn kote Okap san kew pa kwaze ak medam ki te postile yo, inogirasyon, fèt tout kalite, aktivite selèk ou pa, komsi yo te prèske anvi fòse moun pran yo pou medikaman. Nou sonje medikaman ki bon pou 101 maladi yo, se te medam yo !

Prezans nan tout ti bout kwen sa ogamante kapital senpati konkou a lakay anpil moun epi fatige kèk lòt , nou jis ap di verite !
10e edisyon sa te dwe pèmèt konkou a reprann pye epi rejwenn kredibilite li merite nan je tout moun, prezans yo tout kote ta dwe montre a ki pwen yo enplike nan kominote a epi kòman yo vrèman vle parèt regle zafè yo epi disparèt komsi yo pat janm la kou sa fin pase !

San vire lang, se yon pakèt chaj ki dèyè konkou sa, se evidan ke pou konkou sa kontinye egziste nou pral bezwen plis ke volonte òganizatè yo. Mank sipò konkou a jwenn nan sektè prive ou piblik la pou tout kalite rezon an te evidan !
Se pa komsi ou di ta ka kontantew de di ‘’ GWO SÈN , EKRAN JEYAN, TOUT BÈL BAGAY’’ vide sou mwen pou yo vide, fòk ou avanse lajan ki mache avel… Anpil moun pa reyalize konbyen kòb konkou sa koute, jodia nou vrèman ap poze tèt nou kesyon sou konbyen òganizatè yo te reyisi kolekte pou rann ane sa possib, antouka pa ase, nou tout te wèl…

Malgre tout bagay ki pa t ap mache 10em edisyon konkou a te kontinye mache, bèl rad, bèl diskou, bèl demach medam yo mete tout yo menm pou konn kiyès ki pral Miss Haiti 2022.
Tout bagay te sanble ap jwenn yon fen a la Disney jiskaske PASCALE BELONY rantre nan jwèt la, se vre ke Miss Haiti 2021 an te fe live sou instagram pou pale de pwoblèm li avek òganizatè konkou a, se vre ke tout moun te remake li pat andose Miss Haiti lè l te vin OKAP pou 18me, se vre ke nan live li ak Miss LYNN ST Germain, li te pwofite pale de sa; se vre ke tout moun te konnen li pat ap la pou final la, se vre tout moun te konnen, menm sil te Okap pou fèt vil la li tap kontinye pa andose MISS HAITI, men …

MEN, deklarasyon ofisyèl ke li lage yon jou avan final la, se yon lòt nivo, sou konsèy avoka li, li pa fè okenn lòt kòmantè sou koze a !
Chak moun gen son klòch pa yo, si Miss lan pale de non respè pwomès yo te fèl, jan yo pat bal valè épi twomatis ki devlope apre konkou a, òganizatè yo pale de neglijans ak mank disiplin apre deklarasyon pa li a, chak moun avanse deklarasyon piblik yo…
Pale anpil sa yo fè tout moun bliye 10em edisyon konkou a, tout moun bliye ke nan tout tanpèt sa nou ap mete kouwòn sou tèt yon nouvo miss, tout moun bliye si nou dwe gen yon nouvo moun ki aksepte sipòte, andose, pote AYITI SOU DOL nan Miss Univers, tout moun bliye MIDELINE PHELIZOR !

Apre 10 lane, konkou sa ta dwe yon enstitisyon ki grandi moun, ki ban nou plis moun ki ka al reprezante nou pi byen, nan pi gwo konkou nan mond lan, apre 10 zan, konkou sa ta dwe sispann poze tèt li kesyon sou kote finansman pral soti; pou peye rad ak tikè avyon, apre 10 zan konkou sa ta dwe sispann poze tèt li kesyon sou kiyès ki pral sipòte li nan koze lotel ak makiyaj, se pa sèlman òganizatè yo ki gen pwoblèm, konkou sa pale de peyi a epi montrel jan li ye a.
10 lane men AYITI nan yon konkou, nou ka bay premye dofin nan Miss Univers men konsa tou nou ka pa asiste tiraj, nou ka sipòte moun nou pa janm kontre konsa tou nou ka maltrete moun ki vle sipòte nou !

Apre 10 lane, se pa ni yon poz ni yon lot miss ke nou bezwen, se konsyans pou sonje AYITI PI ENPÒTAN KE EGO NOU ! Li enpòtan pou tout moun sonje ke biznis ki mache ak konkou sa yo se anpil kòb ki pou envesti pou anpil kòb rantre, se anpil sakrifis ki pou fèt pou yo kanpe, men yon moun literalman fè anpil sakrifis poul pote tit sa, jodia tanpèt ki mache ak imaj konkou sa afekte anpil kalite ak chans reyisit MIDLINE PHELIZOR.

Se sèl Miss ki pa reyisi fè yon bon 10k followers rapid apre nominasyon an , ki te konn fèt depi RAQUEL sou instagram. Se sèl miss ki tann plizyè jou (deja 4) poul gen foto ofisyèl ak kouwòn li pou bay imaj Miss nou renmen wè yo. An tout senserite m pa kwè ni Pascale ni òganizatè yo te vle retire dènye chans pou pou nouvo Miss la fe wout li, epoutan plizyè jou apre li Miss se sèl konsta, pase konkou sa pi enpòtan pase avni li ? Sa ki te mal pase ak lot miss dwe pa ouvè pòt pou nouvo a? Konkou dwe kanpe paske avi yo twò divize sou sa ki te pase tout bon ? Nou la, nap gade, nap sipòte tout moun ki vle fè sak pozitif sou e pou peyi sa !




















