
Jodi 10 mas 2022, yon lòt nouvèl dife reveye vil Okap. Depi anviwon 4è nan maten, yon gwo dife deklare nan ri 19 B, yon ansyen kay kolonyal ki te genyen landal: yon restoran, yon depo kola epi yon bank bòlèt boule ra pye tè.

Wi se vre pa gen okenn moun mouri, ni blese men jodi a gen plizyè ayisyen ki pèdi biznis yo. Sublime restoran ak Dato depo se 2 nan yo, pou moun ki konnen oubyen ki te gen abitid swa frekante restoran an swa achte nan depo a.

Nou toujou pa gen okenn enfòmasyon sou sa ki lakoz gwo dife sa, ki kòmanse nan balkon premye etaj kay la. Nou ap raple pou tout moun, ponpye reyisi rive sou plas preske 2èdtan apre dife a leve. Jefò popilasyon an, ponpye ak lapolis ede nan limite dega yo.



















[…] The fire was caused by an electrical circuit, according to Vant Bèf Info. Firefighters reported to the scene two hours after the fire started, according to Sakapfet Okap. […]
J’aimeJ’aime