Sant Sante Mantal Mòn Pele, yon vrè solisyon pou pwoblèm mantal.

Louvri je lespri nou pou nou byen wè kò nou

Kreyasyon ak fonksyònman Sant Sante Mantal Mòn Pele nan peyi an kòm grenn espas sante ki makònen sante fizik ak sante nanm ansanm pou ede moun kap soufri avèk maladi mantal pèmèt nou dekouvri non sèlman anpil maladi nan mantal ayisyen, men sitou anpil pratik relijyon ak mistik ki danjere anpil pou lavi moun.


Anpil fwa paske anpil moun (fanmi ak zanmi ) pa gen konesans sou twoub mantal vin fè yo pè moun ki gen maladi mantal, yo konn trete yo mal pou sa yo pa genyen tout bon vre.
Chif nan sant sante mantal mòn pele soti avril 2019 rive jiyè 2020 montre 73 % fanmiy malad yo panse se koz mistik maladi mantal yo ye. Sa vin fè yo gen premye reflèks (oubyen lide) mennen moun ki gen pwoblèm mantal yo kay Bòkò, nan selil lapriyè, kay pwofèt lame selès, kay pastè legliz batis, kay Mason Lòj rive jiska mande èd pè legliz katolik pou ede chase « move lespri » oubyen « zonbi » sou moun ki malad mantal yo.


Pratik rityèl yo anpil, epi varye selon gerisè an, men sitou li depann de kijan moun ki malad lan ajite, epi fè moun pè.
Nap relate kèk pratik nou remake nan lis malad ki rive jwenn nou nan Sant Sante Mantal la apre paran ak malad la fin fè move eksperyans anba men gerisè tout kalite.
Nou resevwa plizyè moun ki vini avèk gwo boule (brile) nan vizaj ak nan kou yo, aprè bòkò te voye nan vizaj yon konpoze chimik ki gen anpil fwa amonyak melanje ak fòkmòl. Boule (brile) sa yo konn fèt tou akoz klèren/alkòl bòkò flite sou moun ki malad lan, epi soufle dife sou li jis pou chase move lespri. Menm apre rityèl sa yo moun yo konn vin pi ajite ak pi mal daprè temwanyaj paran yo.


Nou konn remake gwo blese ki fèt avèk zouti ki file tankou jilèt tou. Se rityèl pou bay gad ak arèt pou zonbi pa antre sou moun lan.
Moun lame selès yo konn blese pasyan nan mitan fontèn pou pran san bay bwè sitou pou tante trete maladi kriz ak pèdi bon sans kriz epilepsi konn bay.


Nou resevwa pasyan ak bouch yo anfle, blese ak mak zong akoz yon pastè tap eseye peze bouch pasyan pou fè yon zonbi rebèl pale.
Nou resevwa moun ki blese nan men ak pye tèlman yo mare yo sere epi kòd lan koupe men ak pye yo.
Nivo maltretans moun ki gen pwoblèm mantal lan wo anpil. Sa nou sòt site la yo se sa paran malad lan anpil fwa konn dakò li sibi sa men sitou konn peye gwo kòb pou trètman sa yo.

Nou konn menm resevwa nouvèl pasyan moun ki mouri anba move trètman. Se bagay ki repete souvan. Men kisa lalwa di oubyen prevwa sou ka sa yo? Enben pa gen lwa ki prevwa sanksyon pou yon pratikan mistik nan kad travay li.


Sak enpòtan pou souliye, aprè evalyasyon sikolojik pasyan sa yo, evalyasyon sikososyal fanmiy yo, nou rive jwenn dyagnostik pou pasyan yo, epi rive tretel san maltretel. Sa konn fè moun rele nou Doktè 2 men. Men nou toujou pran tan pou fè sikoedikasyon pou pasyan ak fanmil pou rive konprann byen sa pasyan genyen epi kijan trètman oubyen gerizon an ap fèt.
Sak konn atire nou kòm pwofesyonèl sante mantal, pasyan yo konn devlope pwoblèm mantal ki gen pou wè ak move trètman yo sibi nan men move gerisè ak paran ki pa konprann ni konnen anyen. Podjab!

Pandan gen plis kondisyon pou moun devlope pwoblèm mantal tout kalite, lap enpòtan pou nou louvri je lespri nou pou nou konnen moun ka malad nan mantal yo menm jan sa fèt nan kò yo. Se pa paske Doktè pou kò pa jwenn pwoblèm nan fizik moun lan ki vle di se maladi mistik. Fòk nou gen ti bon sans poun fè evalye nanm moun ki malad yo. Gen doktè pou kò, gen doktè pou mantal. Ann pran swen mantal nou poun kontan wè kò nou, epi viv pi byen nan kominote an.

Guesly Michel
Sikològ kominotè
Jesyonè Kiltirèl

Laisser un commentaire

Entrer les renseignements ci-dessous ou cliquer sur une icône pour ouvrir une session :

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s