
Lane pase Banj ak patnè li IRI epi NED te lanse yon pwogram ideyaton pou 9 komin depatman Nò, yon fason pou ede lidè kominote sa yo mete sou pye pwojè pou ede kominote yo. Pou w konprann pi byen aktivite sa e sitou pou w pare w pou dezyèm edisyon an, nou ap reponn kèk kesyon enpòtan ke w ta dwe konnen repons yo rapid vit.
1. Kisa PIC2 ye?

PIC2 se dezyèm edisyon
Pwogram Ideyaton Kominotè (PIK) an fransè Programme d’Ideathon Communautaire(PIC), ki se yon pwogram ki pwopilse gras ak Banj epi sipòte pa « International Republican Institute (IRI) » ak « National Endowment Democracy (NED) », avèk soutyen otorite lokal yo e patnè nan sosyete sivil la, pou jwe wòl katalizè pou jèn nan Komin Balenbe, Lenbe, Milo, Pèch, Piyon, Pilat, Pò Mago, Sen Sizann ak Valyè nan kad Pwogram Ideyaton Kominotè a, nan sousi pou yo ka jwenn bon zouti pou yo rasanble, aprann ak tounen bon jan ajan chanjman nan kominote yo.
Aprè aplikasyon yo te fin lanse, te gen plis pase 500 jèn ki sòti nan 9 komin yo ki te rive enskri nan pwogram sila.
Pou ane sa a, PIC 2 a gen 3 pwogram ladanl:
I. Pwogram enkibatè Banj pou nouvo jèn ki vin patisipe nan pwogram nan. 9 ekip (Yon ekip nan chak komin) jwenn opòtinite entegre pwogram sila ane sa.

II. Pwogram akseleratè Banj lan nan benefis 9 ekip gayan ane pase yo. Pwogram sa pèmèt 3 pami 9 ansyen pwojè gayan ane pase yo pase a yon lòt faz, kote yo te jwenn plis finansman pou pèmèt yo fè plis enpak nan kominote yo.
III. Pwogram akonpanyeman (Programe Inter-Cohort) ki pèmèt 9 ansyen ekip gayan ane pase yo kapab kontinye òganize aktivite (fòmasyon, konferans-deba…) nan kominote yo nan lide pou ranfòse kapasite lidèchip yo, pou yo rete vivan e aktif sosyalman nan kominote yo.
2. Objektif PIC-2 a
Objektif pwogram PIC-2 a se rive ede jèn devlople kapasite ki lakay yo depi yo fèt, epi pou tounen ajan k ap pote yon chanjman pozitif nan kominote yo. Jèn yo vin gen konpetans nan zafè relasyon – Kalite ak karakteristik pèsonèl ki ka pèmèt yon moun entèaji yon fason ki efikas ak lòt moun oubyen lòt òganizasyon – epi yo swiv fòmasyon sou jere yon pwojè, pou ede yo konsevwa yon pwojè ki inovan, ki reyalizab epi ki rezoud yon pwoblèm kominotè lokal.

3. Kòman yo chwazi pwojè yo?
Pwogram Ideyaton an itilize yon modèl konpetisyon ki baze sou prezantasyon bon lide pwojè kominotè. Aprè jèn yo fin swiv seri fòmasyon yo, nou envite yo fòme ekip (3 a 5 moun, avèk patisipasyon fanm obligatwa) avek jèn nan menm kominote ak yo. Yo prezante lide pwojè yo genyen pa rapò ak defi kominotè y ap fè fas nan zòn lakay yo.

Epi gen yon Jiri ki la k ap evalye lide pwojè yo selon yon ansanm kritè ki defini pa Banj ak IRI alavans.
Aprè evalyasyon, Jiri a chwazi nèf (9) pi bon lide pwojè yo ki respekte kritè ki te defini yo. Ki vle di yon pwojè pa Komin, pwiske se 9 komin ki te mansyone anlè yo ki kapab patisipe nan pwogram PIC2 a.
• 1e pwojè gayan: 5,000 USD
• 2e pwojè gayan : 3,000 USD
• 7 lòt pwojè yo jwenn 1,000 USD yo chak.
Sipò finansye sa, se pou ede yo komanse ak egzekisyon pwojè yo pandan yap benefisye sipò ENKIBATÈ BANJ lan.
4. Kisa kap fèt aprè sa sou pwojè sa?
Pifò pwogram lan fèt dijital, ki vle di dewoulman yo fèt adistans. Jiskaske nan fen pwogram nan, Ekip Banj lan ale sou teren pou rankontre jèn yo, echanje ak yo epi konstate avansman pwojè yo. Ekip Banj lan dokimante avèk foto, videyo epi fè entèvyou ak tout manb ekip yo epi responsab Lameri, lòt otorite lokal e notab nan zòn yo ki ede jèn yo nan reyalizasyon pwojè yo.

Pou final la, Banj ap gen pou òganize yon LIVE ak tout ekip yo pou prezante piblik la travay final pwojè jèn yo ki chwazi fè diferans, pwouve lidèchip yo nan kominote yo etanke ajan Chanjman pozitif.