Gwo Lobo nan vil Okap

Emmanuel Fils Jacques dit Manito Nation

Gwo Lobo se yonn nan 4 mizik ki te sou dènye EP Manito Nation: TRIP TWOPIKAL.  Manito Nation, Kabysh, Ga3tan ak tout ekip yo mete vil Okap tèt anba pou fè tounaj videyo mizik sa; sou direksyon Mr Bens ak Angie Bell.

Jonathan Perry (JPerry), Paul Beaubrun, Elder Charlot, Kabysh ak anpil lòt se moun ki nan domèn mizik an Ayitil la ki  te travay ansanm ak Manito nation pou  li te ka reyalize dènye pwojè li an. Se te yon EP ki te titre “Trip Tropikal” e li te soti 27 desanm 2020 an. Anndan l gen 4 tit : ‘’Gwo Lobo, Grown up things, Na va wè, Stuck on you’’. ‘’Tout sa ki sou pwojè a  espesyal paske  tout gen  istwa pa  yo’’ pou site jèn pwodiktè mizik la.

Nan Okap, li se yonn nan dj yo mande plis akoz li pwouve talan l, ak fason li chwazi jwe a. Li se sèl dj nan vil Okap ki ap fè Rara-Tech. Rara-tech la se yon melanj afro ayisyen, rara ak ‘’house music’’ e yonn nan chantè ki travay  sou majorite pwojè Dj kapwa a se Kabysh, ann fè yon ti kout je sou li.

Kerven Lebrun dit Kabysh

Se yon jèn chantè e listwa li ak mizik kòmanse pandan etid klasik li, li pase nan koral lekòl li apre li te pase nan  gwoup nan katye li, jiska jounen jodya kote mizik menenl travay ak anpil lòt moun enpòtan. Li kolabore ak lòt atis e lòt gwoup tankou Akoustik, Paul Beaubrun san bliye Manito Nation. Pou li menm se toujou yon gwo plezi pou li kapab kolabore ak Manito,  menm jan pou pwòjè sa li swete l fè chemen l ak sa ki pral fèt yo.

Gwo Lobo se yon kolaborasyon ki te rive fèt san zatann akoz moun ki sou li yo te toujou ap travay ansanm. Objektif ki te genyen pou li yo fè li te dwe gen yon fason fanatik yo ka gade l.  Travay la te fèt san fòse, li vini tou natirèl. Pou atis yo li te enpòtan anpil ke yo rive mete imaj sou son sa pou moun ka konprann pi byen.  Mr.Bens se reyalizatè a, ak travay Flako epi Angie Bell.

Nan lide pou montre kisa ki pi entim nan vil la, tounaj la ap fèt sèlman nan Okap yon mwayen pou mete vil la an valè tankou montre kèk kay ki te deja la  ak bèl kote ki genyen ladann, konsa tou  mete an valè tradisyon ak abitid vil la. Pou sa n’ap gen chans wè  kèk machan tankou machann kann, machann labapen ak anpil lòt bagay nan videyo sa.  Videyo sa a ta dwe soti nan fen mwa  avril la e Dj a anonse l ap travay sou tounaj  lòt pwojè ki ap soti pandan ane a tankou:  na va wè ki te sou dènye EP li an ak anpil nouvo kolaborasyon fanatik li  yo pral jwenn pandan ane a.

Manito Nation se yon jèn  ki fèt e grandi Okap; menmsi depi kèk tan li ap fè ale vini ant Okap ak Santyago. Èske  Gwo Lobo a pral fè yon gwo lobo nan  dezyèm vil peyi a ak nan rès peyi a? San nou pa bliye gen moun ki konn chaje ak talan men yo konn deside kite dezyèm vil la pou ale nan kapital la (Pòtoprens) yon fason pou yo jwenn chans evolye.  Èske li pap bezwen monte pòtoprens yon fason  pou li ka jwenn chans evolye plis e pou li ka rive enpoze l menm jan ak lòt moun nan endistri lokal la, menm nan entènasyonal la tou ?

Jephté

MONUMA

Laisser un commentaire

Entrer les renseignements ci-dessous ou cliquer sur une icône pour ouvrir une session :

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s