Nan yon moman kote anpil moun vle mete aksan sou òganize evènman nan tout ti kwen nan vil Okap nou vle mete aksan sou moun ki te komanse fè sa avan nan jenerasyon pa nou an.

Jodia koze dekorasyon nan lari ak parapli preske tounen mak fabrik Okap.
Nou jwenn yo tout kote epi pou tout okazyon se sa ki atire atansyon ekip nou an, jodia nou vle prezante w 3 bagay ke » Tees’nt » fè avan, epi pi byen! ( 3 things that Tees’nt do first and better )
Nou pap enonse yo ni pou kritike ni pou blame ( no shade no blame), men sa pa ka anpeche nou salye kreyativite yon group jèn nan Okap, pa vre ?

1) Rankont ak enfliyansè epi manadjè sou rezo soyal yo nan vil Okap (6 dawout 2018):
Tees’nt te reyini tout moun ki te gen yon ti bout non nan koze rezo sosyal yo nan Okap, pou pale de travay yo, evènman yap reyalize ak pwojè ke yo panse reyalize, se te yon moman ki te pèmèt yo fè konesans youn ak lòt san entènèt ak pou valorize youn lòt travay nan sektè sa.
Jamè pesonn pa reyisi rasanble tout kantite moun sa epi nan yon anbyans dekontrakte konsa, jodia plizyè moun chwazi fèl tou, felisitasyon, nap kontinye travay Tees’nt te panse a… good job!
2) Itilizasyon parapli pou dekorasyon:
Sa pran tout Okap epi kraze entènèt depi premye jou Tees’nt te fèl 8desanm 2018 la, se te pou Cap Expo, depi lè sa anpil lòt moun kap òganize fwa eseye mete nan lari tou, pou anpil rezon okenn pa rive fèl ak tout bèlte premye fwa sa, paske se swa yo reyisi komansman an epi rès aktivite a fad, ou li pa byen fèt rès aktivite a twò cool oubyen okenn pa mache( no shade), men saw vle nou diw? Tees’nt te fèl avan!

3) Griot night: Kounye a griot night preske fatige moun sou telefòn yo paske nan preske chak kafou nan vil la gen you jèn yo plede broadcast pou envite moun, tout sa se fòt Tees’nt si yo pat byen fèl 31 desanm 2018 sa te fini la lontan…
Wi, tout sa nap pale pa yo se 2018, kote Tees’nt ye jodi a? Depi aprè yo kanpe brunch dimanch yo ki te komanse an mas 2019 nou preske pa tande pale de yo! 2019 te yon ane ki te difisil anpil pou moun kap òganize evenman men anpil promès te gentan fèt sou avni gwoupman sa, nou la, nap tann yo reyalize, nou ap tann yo SAKAPFET Okap la, nap vin diw …
