
Bradley Alexandre Moncoeur = MAB
Youry Vixamar = YOURY
Mwen konn renmen fè yon jwèt ak zanmi m yo, yo site non yon moun e mwen dwe jwenn yon mo pou defini ou rezime tout sa m panse de moun sa, si se jwèt sa map fe ak nou kounye a mwen gen yon sèl mo pou defini Youry Vixamar : » SIMPLE ».
M konnen ke gras a travay mwen, mwen pale ak anpil atis tout kalite, poutan Youry poko janm afiche nan okenn event ke mwen fe depi 3 ans, sou 135 aktivite m pa janm envitel nan okenn… Shame on me, I know… Men sa pa anpeche ke m konnen l non seulman kom yon enstrumantis san parèy, men tou kòm youn nan moun ki pi SENP sou planèt sa, umilite l se yon kado pou moun ki nan antouraj li.
Dekouvri Chat mwen an avèl, m espere sa fè nou plezi.
MAB : Ki dènye liv ou li?
YOURY: La Kabbale Pratique
MAB : Ki sitasyon prefere w ?
YOURY: Lavi pap di w !
MAB : Ki tit mizik ou tande plis jou sa yo e poukisa ?
YOURY: Mix mwen yo sou Soundcloud ak Puntamayo seleksyon mizik kiben, kòm mizisyen mwen koute tout kalite mizik, pou mwen se tankou yon rechèch.
MAB : Ki konsèy ou ka bay yon moun « face à l’adversité » ?
YOURY: Pa kouri pou li fè fas ak li !
MAB : Kisa feminis vle di pou ou ?
YOURI : Se mete men ansnanm fanm kou gason 50/50
MAB : Si w te gen 70 milyon dola kisa sa tap chanje nan vi w selon ou ?
YOURY: Sa tap chanje kondisyon lavi’m ak lavi anpil moun pandan mwen tap enplante anpil pwojè ekolojik, kreye anplwa, plante pye bwa, envesti nan jenès pwogresis la
MAB : Ki pi gwo regrè ou ?

YOURY: Mwen pa gen regrè !
MAB : Ki pi gwo rèv ou ?
YOURY: Se pou m wè tout Ayisyen rekonèt tèt yo nan vodou a.
MAB : Ki plezantri ou pa renmen yo fè avèw ?
YOURY: Mwen pa renmen ankenn plezantri.
MAB : Ki tip elèv ou te ye lekòl ?
YOURY: Mwen te toujou distrè nan matyè mwen pat renmen yo e aplike nan sa mwen te renmen yo, mwen ak lekòl pat janm fin twò byen, lekòl mwen tap fè ak tèt mwen te gen plis valè.
MAB : Ki pi bon ak pi move eksperyans ou te fè lekòl ?
YOURY: Pi bon eksperyans mwen lekòl se te premye fwa mwen tap separe manje’m ak yon kamarad ki pat genyen, nou te nan premye ane primè. Pi move eksperyans mwen lekòl pa egziste, tout ane mwen fè lekòl te on bèl eksperyans
MAB : Ki selebrite an Ayiti ou tap renmen an karatèn ak li e poukisa?
YOURY:
- Sanba Zao pou m ka aprann plis toujou sou tanbou a.
- Kesner Pharel pou nou pale sou ekonomi peyi a aprè karantèn nan.
- Michel Soukar pou nou pale sou listwa peyi a ak kibò tout dènye aksyon nou yo ap mete nou aprè karantèn nan.
- Bilolo Kongo pou kenbe motivasyon gèrye mwen sou pik li.
- Ati Nasyonal la Carl Henry Desmornes pou nou pale kijan nou fè rive la ak vodou e reflechi sou ki chemen nap pran ak li apre karantèn nan.
- -Valéry Vilain paske gen on moun nan gwoup la ki tap kontan li la ak nou.
- Lisbania Perez on atis ayisyèn kap evolye an Espay poum ta travay sou pwochen kolaborasyon’m ak li.
- Clara Luce Lafond pou nou pale sou oryantasyon pou jenès vodou a.
- Rutshelle Guillaume m pa konn poukisa !
- Fabiola Coupet pou n brase lide sou kijan gason ka konprann enpòtans evolisyon fanm nan sosyete nou an aprè karantèn nan.
- Emmanuelle Georges pou dinamis li lidèchip li, karaktèl ak lanmou li gen nan li pou peyi li, pou fanm, pou jèn fi, pou tout moun an jeneral, pou jou mwen febli li fèm sonje kiyès mwen ye.
MAB : Ki 5 premye desizyon ou tap pran siw ta vin prezidan peyi a ?
YOURY:
- Rasanble tout fòs peyi a
- Ranfòse pwodiksyon nasyonal la
- Ranfòse sistèm sante a
- Refòme sistèm edikasyon an
- Rebwazman
