
Bradley Alexandre Moncoeur = MAB
Sabine Désir = SD
NOU SONJE TI JWET YON MO A?
Ok, avèk zanmi m yo, nou gen abitid defini moun ki nan antouraj nou ak yon sèl grenn mo, bizaman pou Sabine DESIR se tout yon lis ke mw genyen: » kouraj, detèminasyon, pèseverans , pèspikasite, kreyativite, sajès, klas , elegans poum site sa yo sèlman.
Nan kad travay mwen m dekouvri Sabine, dont get me wrong pa gen okenn kote la mwen di ke se yon zanj, men se pa yon moun ki ko janm pa kenbe pawòl li ou neglije pataje konsèy li avèm, m sipoze ke menm jan ak anpil moun li chaje defo, m just poko gen mal chans dekouvri yo. An atandan banm pèmèt ou kap li sa dekouvri plis sou li toujou…
MAB : Ki dènye liv ou li?
SD : La communication non violente au quotidien du docteur en psychologie Marshall B. Rosenberg.
MAB : Ki sitasyon prefere w ?
SD : M gen plizyè men youn ladan yo se: “Un problème sans solution est un problème mal posé “ Albert Einstein!
MAB : Ki tit mizik ou tande plis jou sa yo e poukisa ?
SD : Mwen pa gen youn an patikilye jou sa yo men lè m deside koute mizik youn nan premye sa mw mete se “just the way you are” de Bruno Mars se ti deklarasyon damou mwen pou Sabine.
MAB : Ki konsèy ou ka bay yon moun « face à l’adversité » ?
SD : Adversité se sa ki fòje pèsonalite e ki rann ou pi fò pou w ka afwonte sa kap vin pi devan ke se pozitif ke se negatif. Travèse yo ak kouraj pa kouri paske sa ka gen grav konsekans apre.

MAB : Kisa feminis vle di pou ou ?
SD : Konsidere fi ak gason kòm deux êtres humains à part entières, ke fi jwi menm dwa ak devwa ke gason nan sosyete a !
MAB : Si w te gen 70 milyon dola kisa sa tap chanje nan vi w selon ou ?
SD : Sa ki klè, sa pa tap chanje pèsonalite m ni pèsepsyon mwen gen de lavi a men li tap ban m posiblite pou m vin yon mesèn e trase chemen pou sa ki bezwen.
MAB : Ki pi gwo regrè ou ?
SD : Okenn! Mwen pa regrèt anyen ki te pase nan vi m ni aksyon mwen poze paske se yo ki fè m grenn fanm sa m ye jodi a !
MAB : Ki pi gwo rèv ou ?
SD : Leve chak jou pou m wè map viv egzakteman jan mwen te toujou vle a, paske mwen atenn pi gwo objektif mwen e tout sa nan yon Ayiti ki stab nan zafè politik, kilti ak ekonomi e ki ap vanse !
MAB : Ki plezantri ou pa renmen yo fè avèw ?
SD : M pa konn fache pou plezantri ki vrèman plezantri e ki pa gen mank de respè ladan yo.
MAB : Ki tip elèv ou te ye lekòl ?
SD : Kalm, trè rezève, mais pas effacée ayant presque toujours la moyenne. Impliquée nan aktivite kiktirèl yo.
MAB : Ki pi bon ak pi move eksperyans ou te fè lekòl ?
SD : Pi bon eksperyans mwen se lè mw te konn monte koregrafi dans pou aktivite kiltirèl yo e mime pou mès yo m pase tout scolarité mw nan lekòl kongreganis !Heureusement pou mwen m pat gen move eksperyans vrèman lekòl sof petèt lè paran mwen al pran kanè pou mwen epi mw m lakay ap tann santans Mwen !
MAB : Ki selebrite an Ayiti ou tap renmen an karatèn ak li e poukisa?
SD :@atyspanch. Non sèlman pou blag yo men tou pou konvèsasyon serye m konnen li ka genyen !
MAB : Ki 5 premye desizyon ou tap pran siw ta vin prezidan peyi a ?
SD :
- Remete agrikilti nou sou pye
- Chanje epi modènize sistèm edikasyon an (ak yon atansyon espeyal pou analfabèt yo ak edikasyon sivik)
- Travay sou sistèm sante a
- Bay sektè touristik la Jarèt pou chanje imaj peyi a
- Fè en sòt ke gen sekirite nan peyi a
5 la twò piti pou premye desizyon yo tèlman gen pwoblèm ijan ki pou jere!
