EMMANUELLE GEORGES CHAT WITH BRADLEY

EMMANUELLE GEORGES

Sa gen prèske yon ane mwen te nan yon trè move pas pèsonèlman. Se te yon peryòd ke anpil zanmi te chwazi koupe kontak avèk mwen e moun ki nan vi m kounya yo te chwazi premyeman chèche konprann epi kanpe avèm. Jodia, mwen sonje sa ak anpil pozitivite paske li enpòtan pou yon moun kenbe nan antouraj li, moun ki ka ba li enèji pozitif, epi lè jounen w fini li dwe kontan de moun li ye a! (lool men konsèy).

Nan peryòd sa mwen te remete priyorite m ajou, restructurer e relanse fòmasyon pou ekip mwen. Yon zanmi m ki toujou boure ak pozitivite (yeah Samyr) te prezante m Emmy, li vin okap, pale ak ekip la fè yon sesyon san parèy, pèmèt anpil moun retounen tèt afich film lavi yo! (yeah i was one of them!!!)

Depi jou sa ke se pou podcast li, ke se pou post instagram ak facebook li Emmanuelle Georges se yon bouffée d’énergie positive nan vi m! Toujou disponib pou lòt moun, m toujou ap mande m koman li fè gen tan pou li. Mw chwazi pale epi prezante moun ke mwen panse ki ta dwe modèl pou lòt moun swiv ak Emmy mwen jis kontinye demach sa. M ap kontinye swete ke ou pran plezi nan li chat mwen avè l la.

MAB : Ki dènye liv ou li? 

EMMY: La saison des LWA ( Sabine Malebranche)

MAB : Ki sitasyon prefere w ? 

EMMY : “this too shall pass “. Proverbe persan

MAB : Ki tit mizik ou tande plis jou sa yo e poukisa ?

EMMY : Papa Loko de Riva Nyri …  se yon mizik mwen fenk dekouvri . Riva avèk maril te fè yon live sou IG e enèji mwen te santi leu yo te jwe mizik sa te fèm santim byen, te banm kè poze.

MAB : Ki konsèy ou ka bay yon moun « face à l’adversité » ? 

EMMY : Aksepte ke Lavi a gen advèsite ladann.. se yon reyalité je nou paka échape. Kidonk se aprann aksepte . (Surrender).

MAB : Kisa feminis vle di pou ou ? 

EMMY : Respè fanm.. aksepte ke yo se moun ak tout dwa moun ta supoze genyen . Pwen Barre..

MAB : Si w te gen 70 milyon dola kisa sa tap chanje nan vi w selon ou ? 

EMMY : m tap definitvman on life coach à plein tan. Mwen Tap gen on sant de developman pèsonèl pou jèn fanm … avèk subvention ak aksè gratis pou sila Ki paka peye yo. Épi bon m tap gen on kay okap … lis la long anpil lol.

MAB : Ki pi gwo regrè ou ? 

EMMY: M pa gen regrè non… moun mwen ye a se prodwi tout eksperyans mwen fè epi mwen renmen moun sa anpil. Anpil !

MAB : Ki pi gwo rèv ou ? 

EMMY : Viv yon Lavi ki gen purpose.

MAB : Ki plezantri ou pa renmen yo fè avèw ? 

EMMY : Plezantri sou nivo sansibilite m. Mwen sansib anpil kidonk mwen kriye anpil.. moun renmen fè blag sou sa .

MAB : Ki tip elèv ou te ye lekòl ? 

EMMY: Yon leader rebèl – dezòd – men m te travay lekol  jiskaske m te vreman pa sou sa ankò

MAB : Ki pi bon ak pi move eksperyans ou te fè lekòl ? 

EMMY : Lol pi bon eksperyans se yon spektak mwen menm ak kondisip mwen te fè an filo. On komedi mizikal “Gouverneurs de la Rosée”( Jacques Roumain ) m te metteur an scène nan. Mè a mete tout klas la deyò poutèt sa donk li te on bon et on move eksperyans an menm tan.

MAB : Ki selebrite an Ayiti ou tap renmen an karatèn ak li e poukisa ?

EMMY : Fabiola Coupet, Chef Tony Desmornes, Dj Stuba, Youry Vixamar, Valery Vilain… Bibi ak Valery poum bon konvèsasyon ak griyen dan- Chef la pou banm bon manje Youry ak stuba pou bon musik.

MAB : Ki 5 premye desizyon ou tap pran siw ta vin prezidan peyi a ?

EMMY:     yo tout tap gen rapò ak Edikasyon

1.       élimine tout lekòl bòlèt ak inivèsite bòlet

2.       sistèm nan

3.       pwogram yo

4.       bidjè a

5.       promosyon ekòl profesyonèl.

Laisser un commentaire

Entrer les renseignements ci-dessous ou cliquer sur une icône pour ouvrir une session :

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s