
Moun ki swiv Pasyon yo se moun ki toujou gen enèji ak ide inovan pou yo avanse, nan tout vi m mwen rankontre anpil moun konsa, peut-être menm paske mwen ka di ke mw konsa tou, malerezman mw pa oblije ka antann mwen ni travay ak tout moun ki pasyone menm jan avèm, rezon an senp: » moun ki pasyone se defansè fawouch sa yo kwè ladanl lan ».
Jodia mwen vle pale de yon moun ki mete tout pasyon sa ak fòs sa pou defans AYITI ak OKAP sitou.
M pa sonje ni poukisa, ni koman mwen rankontre ANGIE BELL, men m gen anpil rezon poum panse ke se te pou vil Okap. Jodia ke se nan evènman li, ke se nan pozisyon li ANGIE pwouve m konbyen li se yon modèl pou moun swiv, m te fè yon ti chat avèl malgre li toujou trè oqp, map pataje tout bagay avèk nou…
– MAB : Ki dènye liv ou li?
– AG : « You are a badass » by Jen Sincero
– MAB : Ki sitasyon prefere w ?
– AG : « If you are always trying to be normal, you will never know how amazing you can be. » Maya Angelou (Si ou toujou ap eseye nòmal, ou pap janm konnen kijan ou ka ekstraòdinè.)
– MAB : Ki tit mizik ou tande plis jou sa yo e poukisa ?
– AG : Pandan jou sa yo mwen tande anpil mizik espanyòl, pou m itilize tan mwen gen lib pou pratike espanyòl. Youn nan tit mwen koute plis se « Lampara pa’ Mis Pies » Juan Luis Guerra
– MAB : Ki konsèy ou ka bay yon moun « face à l’adversité » ?
– AG : Toujou rete pozitif.
– MAB : Kisa feminis vle di pou ou ?
– AG : Yon moun ki chwazi defann dwa moun. Men mwen toujou kwè ke eksè nan tout bagay deranje.
– MAB : Si w te gen 70 milyon dola kisa sa tap chanje nan vi w selon ou ?
– AG : Mwen patap chanje anyen nan lavi m, mwen t ap jis kontinye epi envesti nan rèv mwen yo.
– MAB : Ki pi gwo regrè ou ?
– AG : Hmm! Ke mwen pa gen pouvwa pou m chanje mond lan jan mwen ta vle a.
– MAB : Ki pi gwo rèv ou ?
– AG : Pou chak pwojè mwen genyen rive fè yon chanjman pou mond lan.
– MAB : Ki plezantri ou pa renmen yo fè avèw ?

– AG : Mwen vrèman pa gen pwoblèm ak plezantri.
– MAB : Ki tip elèv ou te ye lekòl ?
– AG : Mwen pat janm pran nòt nan klas lol
– MAB : Ki pi move eksperyans ou te fè lekòl ?
– AG : Yon jou mwen pat fini yon devwa epi papa m te banm yon kal nan klas la devan tout elèv yo. (Mwen te nan lekòl papa m)
– MAB : Ki pi bon eksperyans ou te fè lekòl ?
– AG : ? Mwen fè anpil bèl eksperyans. M panse se yon jou mwen te planifye e dirije yon aktivite kiltirèl pou kò m. Sa te pèmèt mwen dekouvri lanmoun mwen genyen pou kilti peyi m e pou kreye ni reyalize evènman.
– MAB : Ki 5 premye desizyon ou tap pran si w ta vin prezidan peyi a ?

– AG :
1. Tout lekòl matènèl entwodui timoun aprann an kreyòl avan yo entwodui yo fransè.
2. Chanje sistèm edikasyon pou ede timoun reflechi pi byen e aprann konprann peyi yo ap viv ladann lan.
3. Ranfòse pwodiksyon lokal
4. Mete moun ki gen kapasite nan pozisyon ki gen rapò ak kapasite yo
5. Kreye opòtinite pou jèn ki nan dyaspora toupatou nan mond lan ka entegre yo nan peyi yo pou bay bourad nan domèn yo pou ede peyi a avanse.

BY : Bradley Alexandre Moncoeur